About Us
About Us – Fresh

We Are Fresh. We Bring Taste to the Streets
This is Fresh. Real Taste. Real People. Real Change.

Kiyès Nou Ye – Fresh
Nou Se Fresh. Nou Pote Gou Nan Lari a.
Nan Fresh, nou kwè bon manje kòmanse ak engredyan natirèl, bon lide, ak pasyon pou
kominote a. Nou te lanse vizyon nou nan kè Okap, kote enèji lari a te pouse nou kreye yon
mak manje ki modèn, ki mete gou lokal ak fyète Ayisyen devan.
**Fresh Sandwich** se premye pitit nou — yon eksperyans sandwich cho, rapid, ak bon gou,
nou gen vandè nan tout kwen , devan tout lekol, tout katye. Yon meni pou tout bouch ak tout
poch .Tankou *Eko Chick’n Cho*, *Toro Bèf*, *Tuna Fresh*, ak *Klasik Okap*, nou mete gou
ak opòtinite nan men pèp la.
Men Fresh pa kanpe sou sandwich sèlman. Nou ap bati yon fanmi pwodwi manje ak bwason
ki soti nan lari a, ki pote travay, ki selebre kilti lokal, epi ki mete estanda pi wo pou manje
chak jou.
Avèk fòmasyon, opòtinite franchiz, ak sipò pou vendè yo, Fresh ap lanse yon mouvman
manje Ayisyen kapab posede — epi yon jou, pataje ak lemonn antye.
Sa se Fresh. Gou Reyèl. Moun Reyèl. Chanjman Reyèl.